Èf o aksanfòs ès - Intro
de Vanessa Desire
Pote feblès mwen bay lavi
Se pat janm sa m te Dezire
M prefere pataje bèl vibrasyon avi
San mezire
Move tan vante anba wòb mwen
M kanpe tennfas
Èf o aksanfòs ès! M tankou Atlas
Vibrasyon m pa gen limit
Wa di se van k ap kouri sou dlo
Rim k ap kouri sou flow
Bèl beat gwo bibit
M satire ak pozitivite
M se yon VAN e sa a
Pèson p ap jan konprann li
Si li pa yon vrè fan
San fòse, m ranfòse talan m
Pou m defonse obstak
Lè lavi kouche pou takle m
M kanpe rèd kou ke makak
Plis w ap make m, plis m ap make pwen
M pa vin la a pou m jwe kwen
Rèn chantrèl tout mitan bann
M fè yo tounen won pwen
Èf o aksanfòs ès
Repete l ankò
Èf o aksanfòs ès
Vanessa vin pi dezire
Èf o aksanfòs ès
Se entwodiksyon yon albòm
Sou rezo sosyal
Kòment ak vèk Like pou n al ban m
Más canciones de Vanessa Desire
-
Crush la
Fòs
-
Fè komsi
Fòs
-
Fòs
Fòs
-
Haitian Queen
Fòs
-
Kè mwen
Kè mwen
-
Kontamine
Full Package
-
-
M pap tounen
Fòs
-
M reyalize
Fòs
-
Ou tap ri m
Full Package
-
Ranfò
Fòs
-
Sans inik
Full Package
-
Too late
Fòs
-
Twòp tan
Fòs
-
Yon lòt
Fòs
-
You
Fòs