Voye monte
de Tabou Combo
Lè chak moun ap rale yon bout, Ayiti nan la déroute
Lamizè l pa ka bout
Tout peyi a ka pran bon fè, pèsonn pa ka refè
Yo pran chimen lanmè
Yo kilbite nan fon bato, gen sa k mouri nan dlo
Vye van ka drive yo
Pase Ayisyen se pa maren, kannòt yo ka tounen
Pou yo pa gen chimen
Yon ti jès pou yo
Yon tandrès pou yo
Yon favè pou yo
Yon lonè pou yo
Yon zepòl pou yo
Yon pawòl pou yo
Yon bonte pou yo
Lamitye pou yo
On ti jès pou yo
On tandrès pou yo
On favè pou yo
On lonè pou yo
On respè pou yo
On klète pou yo
On fyète pou yo
Libète pou yo
Lè chak moun ape plen djakout, Ayiti nan la déroute
Lamizè l pap janm bout
Tout peyi a ape griji
Pitit li pran kouri pou y ale Miami
Yo kilbite nan fon bato, yo fè fos kouch nan dlo
Move tan bare yo
Meriken pa vle Ayisyen
Yo fè yo retounen pase yo pa Kiben
Yon ti jès pou yo
Yon tandrès pou yo
Yon favè pou yo
Yon lonè pou yo
Yon zepòl pou yo
Yon pawòl pou yo
Yon bonte pou yo
Lamitye pou yo
On ti jès pou yo
On tandrès pou yo
On favè pou yo
On lonè pou yo
On respè pou yo
On klète pou yo
On fyète pou yo
Libète pou yo
On ti jès pou yo
On tandrès pou yo
On favè pou yo
On lonè pou yo
On respè pou yo
On klète pou yo
On fyète pou yo
Libète pou yo
On ti jès pou yo
On tandrès pou yo
On favè pou yo
On lonè pou yo
On respè pou yo
On klète pou yo
On fyète pou yo
Libète pou yo
Lè chak moun ap rale yon bout, Ayiti nan la déroute
Lamizè l pa ka bout
Lè pitit li pran kouri vit pou y ale nan konbit
Ka yo ka vinn kritik
Dominiken pran Ayisyen travay kann pou anyen
Travay tankou des chiens
Se pwòp frè yo ki trayi yo
Chante sa a se pou yo
Pou nou ka sonje yo
Yon ti jès pou yo
Yon tandrès pou yo
Yon favè pou yo
Yon lonè pou yo
Yon zepòl pou yo
Yon pawòl pou yo
Yon bonte pou yo
Lamitye pou yo
On ti jès pou yo
On tandrès pou yo
On favè pou yo
On lonè pou yo
On respè pou yo
On klète pou yo
On fyète pou yo
Libète pou yo
On ti jès pou yo
On tandrès pou yo
On favè pou yo
On lonè pou yo
On respè pou yo
On klète pou yo
Más canciones de Tabou Combo
-
Lakay
Sans limites
-
Et alors
Super Stars
-
Konpa Mania
Unity
-
A kou chou kou chou
Overdrive
-
Baisser bas
Best of Tabou Combo
-
Bolero jouc li jou
Best of Tabou Combo
-
Mario Mario
Kitém Fè Zafèm
-
New York City
Anthology, Vol. IV
-
Tu As Vole
Fiesta Caribena
-
Hommage a nemours jean baptiste
Baissez Bas
-
Mabouya
Fiesta Caribena
-
Amelie
Zap Zap
-
Baissez - Bas
Baissez Bas
-
Bon anniversaire
Super Stars
-
Aux Antilles
Aux Antilles
-
Fiesta
Fiesta Caribena
-
Pi Gro Pi Lon
Fiesta Caribena
-
Juicy Lucy
Fiesta Caribena
-
Panama Querida
Fiesta Caribena
-
Feel Good
Fiesta Caribena