Estripsa
de Stan
San yon memo san fè bri ou jis vire do w w ale
M te bouke fè w soufri m pa t konn koute lè w ap pale m
M brize kè w rèv ou m detwi
Se kounya m wè se ou m te vle
Fò m te peye le prix pou m te konnen m pèdi mwatye m
Lè w pran nan on kout foud w pa fasil wè si lanmou sa vrè
M t ap kale kò m nan Djouba a san panse ak kontredans lan
Nòmal si m f on move chwa pou m peye konsekans Lan
Se lè m pa wè w nan vi m vrèman rann kont lanmou avèg
Mwen merite tout blam yo m konprann se pa tout fi k vo la pèn
M t ap anflame sou kè w dlo je w ki etenn tout flam yo
Rekòmanse a difisil domaj do w gentan lwen
M t ap mete w sou pyedestal si nan vi m ou ta retounen
Sèlman bezwen limyè a lè l ap briye fèb
Sèlman manke solèy la lè l komanse frèt
Ou sèlman konnen w renmen l lèw kite l ale
Sèlman konnen w te wo lè ou santi w ba
Sèlman rayi wout la lè w manke lakay
Ou sèlman konnen w renmen l lè w kite l ale
E ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale)
E ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale)
Ou son danre ra difisil ankò pou m ta jwenn sa
M p ap janm bliye tout sakrifis ou yo menm si m ta engra
W te ban m tout ou menm pa t gen kenn rezon pou m te lase
K on inyoran m t ap chache byen lwen yon trezò ki te anba je m
Si sa k pa m lavalas p ap pote l rès istwa a pou desten
M p ap oze di w padone m m konsyan m fè w plis mal ke byen
M tèlman fè w pase mati istwa sa manke rann ou fòl
Mank ou fè m wè on nuit sifi pou fè w wè jan lanmou dwòl
Kreyon listwa san gòm mal la deja fèt m pa ka nye sa
Kounya m pataje pèn ou byen malere Kama te la
Sa k ta di pou moun m t ap brize w la t ap brize m apre
Se ak remò tristès ak doulè m oblije kite w ale
Sèlman bezwen limyè a lè l ap briye fèb
Sèlman manke solèy la lè l komanse frèt
Ou sèlman konnen w renmen l lèw kite l ale
Sèlman konnen w te wo lè ou santi w ba
Sèlman rayi wout la lè w manke lakay
Ou sèlman konnen w renmen l lè w kite l ale
E ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale)
E ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale)
Malgre l te ofri w kè l pou li ou pa t prè
Se aprè yon gwo so ou konn sekèl yo
Twò ta w vin rann kont jan l te konte pou ou
Malgre tout mal ou fè pou padone w l te prè
Ou menm wa l livre w bay yon lòt k ap brize kè w
Poutan l te la w kite l ale
Sèlman bezwen limyè a lè l ap briye fèb
Sèlman manke solèy la lè l komanse frèt
Ou sèlman konnen w renmen l lèw kite l ale
Sèlman konnen w te wo lè ou santi w ba
Sèlman rayi wout la lè w manke lakay
Ou sèlman konnen w renmen l lè w kite l ale
E ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale)
E ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale)
Sèlman bezwen limyè a lè l ap briye fèb
Sèlman manke solèy la lè l komanse frèt
Ou sèlman konnen w renmen l lèw kite l ale
E ou kite l ale
Más canciones de Stan
-
Depression Street
Social Suffering
-
Friendzone
Friendzone
-
Psycho Social Norms
Social Suffering
-
Chronique
Fleur de Vie
-
Aisance
Fleur de Vie
-
Premier Texte
Fleur de Vie
-
Fleur de Vie
Fleur de Vie
-
SSJ
Fleur de Vie
-
My Girl (Gemini)
My Girl (Gemini)
-
Se Thelw Edw - Otherview & Sergio T Remix
Se Thelw Edw (Otherview & Sergio T Remix)
-
De Me Xeris
Paidi Tou Xeimwna
-
De Me Xeris
De Me Xeris
-
De Me Xeris - Unplugged Live
Stan (Unplugged Live)
-
ISWS
ISWS
-
Me Stenahori
11:11
-
Barrio Nord
Lass Taten sprechen
-
Alitisa
Alitisa
-
Alitisa
Yperentasi
-
Yperentasi
Yperentasi
-
Gia Dio
Yperentasi