Pomyłka
de Stan Zapalny
Ou di mwen nanm ou pote maleng
Ki twa lèt pou montre lòt yo
Men m te pwomèt
M ap renmen chak kwen nan ou
San wete yon yota
M wè nou ka glise
Tout zantray mwen ki tranble
San pyès fòs pou rale nou met kanpe
Men mwen konnen menm si men nou vid
Menm si n pa gen anyen
Nou gen youn pou lòt
E, wi, sa sifi w
E, non, sa p ap chanje
S'on pwomès
Wi, s'on pwomès
Doulè nou gaye anba je nou
San remèd pou fè nou kagou
Men m p ap kite w tonbe
Paske se a de nou ret sou pye
M wè nou ka glise
Tout zantray mwen ki tranble
San pyès fòs pou rale nou met kanpe
Men mwen konnen menm si men nou vid
Menm si n pa gen anyen
Nou gen youn pou lòt
E, wi, sa sifi w
E, non, sa p ap chanje
S'on pwomès
Wi, s'on pwomès
Men mwen konnen
Menm si men nou vid
Menm si n pa gen anyen
Nou gen youn pou lòt
E, wi, sa sifi nou
E, non, sa p ap chanje
S'on pwomès
S'on pwomès
Más canciones de Stan Zapalny
-
Ego
Moje ego
-
Jak mam się pożegnać
Jak mam się pożegnać
-
Lubię kłopoty
Lubię kłopoty
-
Nie umiem czekać
Nie umiem czekać
-
Nie wróci
Nie wróci
-
Santa Claus is comin’ to town
Santa Claus is comin’ to town
-
To już koniec
To już koniec