Minnie
de Stan Forebee
Sa pase si vit
Tout sa m ka di se lanmou pa sifi
Sa k te fè m kontan yè, jodi a fè lapèn
Sa fou jan on nuit ka chanje lanmoun an layèn
Sèlman sa k rete m se kèk souvni
Kèk vye rim pou m fè on powèm
Piti piti nanm mwen ap mouri
Mouri
On nuit pou m pèdi souri w
Tou pèdi rezon viv mwen ou ale ak bonè m
Kite m ak plè k pa ka panse
M toujou gen enpresyon sa pase yèswa (yèswa)
Yèswa ou t on zanj, maten an s on demon m pa rekonèt
On nuit sifi pou remet an kesyon tout sa m te pwomèt
Rèv nou pèdi nan longè nuit lan
Èn ranplase lanmou, nòmal, raple ou lanati pa vle wè vid lan
Yèswa n te lwayal, se te nou kont tout mond lan
Maten an n fasafas ride or die se te ilizyon an
M ap pran tan pou renmen ankò, kè m mande repo
Thug yo konn kriye tou mande Ginette Reno
Gad nan je m w ap wè jan m mal, cause eyes never lie
Di powèt la l manti kou chen lè l di love never die
Dezespere, m voye sa tankou boutèy nan lanmè
Konprann, nan eksè menm myèl vin anmè
On nuit sifi pou baskile tout on vi tout anvi m
Se brize ou tou pou konn jan sa fè mal nan tèt mwen se tout on fim
Se fou jan byen rapid moun yo chanje
Yèswa nou te fè youn, maten an n se 2 etranje
Sèlman sa k rete m se kèk souvni
Kèk vye rim pou m fè on powèm
Piti piti nanm mwen ap mouri
Mouri
On nuit pou m pèdi souri w
Tou pèdi rezon viv mwen ou ale ak bonè m
Kite m ak plè k pa ka panse
M toujou gen enpresyon sa pase yèswa (yèswa)
Pran mal nou an pasyans, espere tan ap pot gerizon
Pèdi nan on djèl, kiyès ki gen tò, kiyès ki gen rezon
Kote pwojè lavni n yo pase
Yèswa n te ekri lanmou n sou sa sab lanmè a, maten an vag yo efase l
Yèswa ou te onèt
Maten an menm silans devwale manti yo panse m te on sipèewo, an fèt m te on maryonèt
Jan ou blese nanm mwen, konsa m ta vle blese w nan kò w
Yèswa m pase toupre ashtag #balancetonporc
Yèswa m t on prince charmant, maten an m s on sal thug
Resipwòk, yèswa ou t on prensès maten an ou s on salòp
M p ap kondane lemond
M p ap pran on bitch pou jije tout menm m gen dout, souri zanj yo konn kache demon
Sa sot nan kè m, si l blese w se paske m brize
Merde gen plè k p ap janm sikatrize
Men kòman pou fè konfyans ankò lè yo trayi ou
Lè menm bouch ki tap di w l renmen ou yèswa a, maten an ap di l rayi w
Sèlman sa k rete m se kèk souvni
Kèk vye rim pou m fè on powèm
Piti piti nanm mwen ap mouri
Mouri
On nuit pou m pèdi souri w
Tou pèdi rezon viv mwen ou ale ak bonè m
Kite m ak plè k pa ka panse
M toujou gen enpresyon sa pase yèswa (yèswa)
Más canciones de Stan Forebee
-
Maple Leaves
Chillhop Essentials Fall 2022
-
Cargo Rhodes
Orange
-
Apple Juice
Apple Juice
-
Circles In The Sand
Late Night Essentials
-
Song For The Sun
Chillhop Essentials Summer 2019
-
Daydreams
Daydreams
-
Delta
Delta
-
Perfect Your Own
Jazz Sessions
-
New Generation
Jazz Sessions
-
Cold Fire
Cold Fire
-
Awakening Of The Flowers
Jazz Sessions
-
Along the Yarra
Chillhop Essentials Spring 2021
-
Seasons
Chillhop Essentials Fall 2021
-
Tending The Garden
Chillhop Essentials Fall 2020
-
Drawing Dunes
Chillhop Essentials Fall 2018
-
Possums & Popcorn
Chillhop Essentials Summer 2018
-
The Esplanade
Chillhop Essentials Summer 2020
-
Anglers Rest
Chillhop Essentials Spring 2024
-
Anglers Rest
Anglers Rest
-
Serene
Serene