old times
de Spilly Cave
Nan met linèt solèy nan je lalin
N ap fonse nan fènwa ak tout boulin
Nou pèdi larezon
Nou pèdi larezon
Nan chache sanble sa nou pa ye
Nan penyen lage, mache gaye
Nou pedi direksyon
Nou pedi direksyon
N ap krache sou senbòl ki te ban nou libète
Pou nou te egziste
Nan vomi nan bòl payizan k pa sispann plante
Pou ban nou manje
Nou preske pa moun ankò
(Nou pa, nou pa)
Nou preske pa moun ankò (nou pa)
Nou bliye sa k fè n Ayisyen
Nou preske pa moun ankò
(Nou pa, nou pa)
Nou preske pa moun ankò (nou pa)
Nou bliye sa k fè n Ayisyen
Nan pandye rèv nou tèt anba
Nan pimpe krèm peyi n laba
Nou san destinasyon
Nou san destinasyon
Nan rele viv oubyen aba
Nan goumen nan move konba
Nou bay indinyasyon
Nou bay endinyasyon
Nan ouvè pòt pou tout vye adjipopo antre
Fyète n vire lanvè
Nan mete galipòt gagote sa nou posede
Nou pèdi pou revè
Nou preske pa moun ankò
(Nou pa, nou pa)
Nou preske pa moun ankò (nou pa)
Nou bliye sa k fè n Ayisyen
Nou preske pa moun ankò
(Nou pa, nou pa)
Nou preske pa moun ankò (nou pa)
Nou bliye sa k fè n Ayisyen
Nou fèmen je n pou n pa wè
Nou fèmen kè n pou n pa wont
Manti n ap bay tèt nou
Manti n ap bay tèt nou
Nou fèmen je n pou n pa wont
Nou fèmen kè n pou n pa wè
Manti n ap bay tèt nou
Manti n ap bay tèt nou
Machin lanmò a pèdi fren
L ap woule je fèmen
Konbyen san k pou koule
Konbyen rèl ki pou rele
Machin lanmò a pèdi fren
L ap woule je fèmen
Konbyen san k pou koule
Konbyen rèl ki pou rele
Nou fèmen je n pou n pa wè
Nou fèmen kè n pou n pa wont
Manti n ap bay tèt nou
Manti n ap bay tèt nou
Nou fèmen je n pou n pa wont
Nou fèmen kè pou n pa wè
Manti n ap bay tèt nou
Nou pèdi pou revè
Nou preske pa moun ankò
(Nou pa, nou pa)
Nou preske pa moun ankò (nou pa)
Nou bliye sa k fè n Ayisyen
Nou preske pa moun ankò
(Nou pa, nou pa)
Nou preske pa moun ankò (nou pa)
Nou bliye sa k fè n Ayisyen
Más canciones de Spilly Cave
-
Potemkin
Super
-
enter lewd
SPILLY CAVE
-
Shelf
Super
-
minutia
SPILLY CAVE
-
Bathroom Break
Super
-
Gonzo
Super
-
One for the Heart
Super
-
blood gulch
SPILLY CAVE
-
Hoedown
Super
-
Nest
Super
-
Over
Super
-
Carrington
Super
-
Rex
Super
-
minutia
minutia
-
Super
Super
-
Big Fish
Super
-
Shelf
Shelf
-
what's the use
SPILLY CAVE
-
what's the use
what's the use
-
Organ Donor
Super