Letra de Rest In Peace Makome (feat. Bordes Jules)

de Roody Roodboy
11 visitas

Lee la letra de Rest In Peace Makome (feat. Bordes Jules) de Roody Roodboy en ToLetras. Encuentra letras de canciones, álbumes y más música de Roody Roodboy.

M pran kou
M pran kou vre
M pran kou
Nan tèt mwen w mouri e nan kè m ou mouri deja

Ou mache sou fyète m ou plede imilye m
Ou menm abondone m paske m pat gen on goud
Met tout afè m nan plan oh
Malgre w pat menm pran ka m oh
Sa pat janm deranje w paske nan je w m pat moun
Si m pat gen tèt m te ka vòlè pou ou
Ou ekzije m menm sa m pat ka ba ou
Ou bay kò w pou byen materyèl
Kounya lavi m chanje ou vle ban m ti rès la, vòlèz

Rest in peace, rest in peace makomè
Rest in pease
Nan tèt mwen w mouri e nan kè m ou mouri deja

W abandone m nan moman m te plis bezwen w
Ou gaspiye m anpil ane pandan m te renmen w
M antre nan sòl pou ou
M pran kont ponya pou ou
Peye lekòl pou ou sa pou m te fè ankò
W ale kite m pou yon lòt ki pa menm bezwen w
Menm lopital ou pat janm la pou w te vin pran swen m
Kounya bondye chanje lavi m m ap byen pase
Ou retounen pou w vin ban m bill
Rest in peace blofè

Nan dèyè yon lòt ou tap kouri
Panse san ou lavi m tap fini
Kounya m jwenn yon moun k ap fè m souri
K ap fè m rejwi

Ou san pitye
M ap travay di ou menm ou t ap banbile
Plede blese m jouk maleng nan anpire
M leve bonè m tal travay di pou ou

M pran kou
M pran kou vre
Nan tèt mwen w mouri e nan kè m ou mouri deja