TRANKIL / GRANDE YO GADE MIZE'W / KITE YO PALE
de Racine Mapou de Azor
M s on w lotri k nan latrin
K on w latriye nan lapli m ap griye
Yo lapide lavi m
Layite sou lavni m ap kriye
M koupab m e m viktim M pa konn Ki konba m ap livre
Listwa m sou figi m, men si w pa moun ou pap ka li l vre
M an Mal atansyon
M ap viv mal ak tansyon
San eksitasyon, pou bonè m s on w eksepsyon
Kò m tounen prizon m
Presyon ak desepsyon
Poze egzistans Kesyon
M pa ka gad refleksyon m
Rèv mwen ap tatonnen
E m pa fenk tanmen boujonnen
Lide nan tèt mwen makonnen
Sa mwen plante pa janm donnen
Dè fwa gran jounen, mande m kote m ye m pa konnen
Pa vi n kraponnen m
Pou mwen lespwa s on w pawòl
Doulè se mwen ki gen Monopòl
14 zan lekòl se kay tòl
E solidarite sou pewòl
Se pa tout blese tan geri
Pa m yo l pa sispann agrave
M ap souri pandan m ap peri
Desten pa m se nan wòch li grave
M ap viv nan yon paralèl inivè
M pa anvi wè ni moun ni limyè
Nan rèv mwen m anvi al pase
Letènite m
Paske reyalite m s on w lanfè
Nan mitan solèy n ap chache syèl
Lanfè nou gen koulè ke Lakansyèl
Yon lanp tenyen sou avni m di m Lamizè pa kabann
M kwaze lepe ak lanmò chak jou sou wout mwen kadav se po kann
Nan wout lanfè m ap chache lavi
M pèdi lafwa nan chimen lakwa
Lespwa m pa lavil, m pati chache l anba rak bwa
Yo fòse m janbe dlo, bwote m anpile m kou fatra anba pon
Anba po m gen san nèg mawon, m sove men m pa kapon (Non!)
Non m, koulè po m, istwa m te toujou senbòl rezistans
Distans ak tan se rans nan batay pou egzistans
Tankou dlo, lavi pi gou nan bouch sa k pa genyen
Se je w ki louvri chak fwa yon pòt fèmen
Chak klète s on w lòt jou, Nou grandi anba tray
Pa gen pi fon toujou, pito n mouri pandan n ap batay
Más canciones de Racine Mapou de Azor
-
DANGERE / MEN MO MACAYA MEN MO / LIMBE O PORMAGO / PA BWE KLEREN
Sanba a pi move Vol. 1
-
Tou Le Jou Map Rele Bondye
Tou Le Jou Map Rele Bondye
-
GRAN BWA / SAMBA SAMBA POKO SAMBA
Sanba a pi move Vol. 2
-
NA KONBLE / DAN PETRO PAP FE YO BYEN
Sanba a pi move Vol. 1
-
KI LE LIYE / LE LIYE / LE YO MALAD / TAN BOUYE NAN / PATI KOCHON
Sanba a pi move Vol. 1
-
-
SELEBRE
Sanba a pi move Vol. 1
-
MILO GAN
Sanba a pi move Vol. 1
-
Rasanbleman
Pa Fè Ti Nèg Konfyans
-
Boukman O Yo Dim Se Djab
Pa Fè Ti Nèg Konfyans
-
Atisole
Pa Fè Ti Nèg Konfyans
-
Simbi Voye Mwen Al Cheche Dlo
Pa Fè Ti Nèg Konfyans
-
Lapriye Jouda
Pa Fè Ti Nèg Konfyans
-
Ogou Travay Ogou Pa Manje
Pa Fè Ti Nèg Konfyans
-
Pap Fe Ti Neg Konfyans
Pa Fè Ti Nèg Konfyans
-
Di Yo Sa
Pa Fè Ti Nèg Konfyans
-
Pot Pourri 1
Pa Fè Ti Nèg Konfyans
-
Mwen Te We Anbal
Pa Fè Ti Nèg Konfyans
-
Yon Loa Nan Barye A
Pa Fè Ti Nèg Konfyans
-
Pot Pourri 5
Pa Fè Ti Nèg Konfyans