Tankou Yon Wa
de Mizik Mizik
Ou genlè panse w ap viv pou tout tan
Avan w bat je w, w ap mache sou baton
Si w ap kraze, divize pou renye
Yon pèp inosan ki de bra pandye
Sonje gen yon je k ap gade w
O ou o ou o
Ki sa w ap fè pou jijman dènye
Ou, o, ou, o
Men bagay la
Ou, o, ou, o
Sa se reyalite m tap pale w la
Fòk ou koute, fòk ou reflechi, Fòk ou obzève sa
Ou, o, ou, o
Men bagay la
Ou o ou o
Sa se verite m tap pale w la
Sa listwa ekri pap janm efase
Lè zèv ou pi wo, ou gen plis chans pou hero
Pa viv an solo ni bay kou nan do
Nou tout ki la a g on misyon pou n ranpli
Fò w fè l pou listwa pa jije w
Ou, o, ou, o
Se sa lavi a
Lè w konn istwa w, sa ka ede w konnen kiyès ou ye
E ki kote w sòti
Ki devwa w anvè peyi w
Yon erè yon sèl moun ka koz yon milyon lòt soufri
Wo o, yeah
Ki djazz sa a?
Sa se Mizik Mizik
Eske nou mande?
Kisa nou panse listwa va di de nou?
Eske nou mande?
Kisa nou panse listwa va di?
O si nou chita n ape kraze peyi nou
Listwa va jije n
Si nou chita n ape preche divizyon
Listwa va jije n
Si nou chita nou pa chèche fraternite
Listwa va jije n
Mwen di kisa n mande
Kisa n panse listwa va di de nou demen
Eske nou mande?
Kisa nou panse listwa va di de nou?
Eske nou mande?
Kisa nou panse listwa va di?
Pa pale
Pa pale
Pa pale
Pa pale
Pa pale
Pinga w pale nan zafè moun
Mwen di Thomas Madiou
Roger Gaillard
Pinga n pale souple
Pa pale
Pa pale
Pa pale
Pa pale
Pa pale
Pinga w pale nan zafè moun yo
Wo o
O pinga n pale, Pinga pale
Menm si w wè y ap kraze, Pinga pale
Menm si w wè y ap piye, Pinga pale
Pase peyi n anba pye, Pinga pale
Pran nou tout ak kout pye
Pa pale
Pa pale
Pa pale
Pa pale
Pa pale
Pinga w pale nan zafè moun yo
Jean Claude Dorsainville, pinga w pale
Si ou pale, y a di w pale twòp
Pa pale
Pa pale
Pa pale
Pa pale
Pa pale
Pinga w pale nan zafè moun yo
Wo o
Ebyen y a fè sa yo vle
Le konpa
Ou jwenn
O, o, o, o, o
Ha, ha, ha ha woy
Men moun yo
Daniel Fils-Aimé, ou jwenn
Pa pale
Pa pale
Pa pale
Pa pale
Pa pale
Pa pale
Pinga w pale nan zafè moun yo
Wo o
Pinga pale
Menm si w wè y ap kraze, Pinga pale
Menm si w wè y ap piye, Pinga pale
Pase peyi n anba pye, Pinga pale
Pran nou tout ak kout pye
Eske nou mande?
Kisa nou panse listwa va di de nou?
Eske nou mande?
Kisa nou panse listwa va di?
Más canciones de Mizik Mizik
-
Lè Nap Fè Lanmou
De Ger
-
Zoukoutap
Nan Kanaval
-
Mépris
De Ger
-
Kanaval De Ger
De Ger
-
Ayizan
Ki Moun Ou Ye
-
Sa Pou Fe?
Blakawout
-
Alfredo
De Ger
-
G - Twoubadou
Haïti Twoubadou Vol.1,2,& 3
-
Blakawout
Blakawout
-
G - Twoubadou
Haïti Twoubadou Vol.1,2,& 3
-
Kenbem
De Ger
-
Pa Gen Ponyet
Blakawout
-
Pa Gen Ponyet
Nan Kanaval
-
Pa gen ponyet - Remastered
Blakawout
-
Fanm Chans
Best of 2000s
-
Fanm Chans
Blakawout
-
Fan'm chans - Remastered
Blakawout
-
Sonia
Blakawout
-
Sonia - Remastered
Blakawout
-
Je vais - Twoubadou
Haïti Twoubadou Vol.1,2,& 3