G - Twoubadou

de Mizik Mizik

Si map konsidere bote ou anpil fanm pa rive na pye ou
An verite ou se yon zanj nan syèl
Si map jije ou sou karès, depi ou manyem mwen an detrès
Li difisil, cheri, pou m kontrole
Mè si lanmou te selman bote avek karès
Mwen tap moun ki tap pi konble ki genyen sou la tè
Pou mwen, cheri, pa gen lanmou si pa gen santiman
Map mande ou pou ou louvri kè ou pou lamou ka antre

Paradi nan lanfè, lè m deyò kè m ap sote, cheri
Paradi nan lanfè, men san ou li difisil pou m viv
Paradi nan lanfè, lè m nan kay la se sou galta m domi
Paradi nan lanfètel bagay fèt tèl jan, cheri
Tout pale mwen pale, tout babye mwen babye
Lè m gade mwen wè, mwen chèche mwen jwenn ou
Se la ou ye
Se la ou ye

Paradi nan lanfè, lè m deyò kè m ap sote, cheri
Paradi nan lanfè, lè m anndan se sou galta m domi
Paradi nan lanfè, lè map manje m pèdi apeti m
Paradi nan lanfè

Se sa papa se sa, se sa papa se sa, se sa papa se sa

Avè ou, cheri, se yon gwo mizè
San ou doudou se yon gwo traka
San ou doudou se yon gwo traka
Wohoho

Ou pa ta fè m sa, ou krezi m konsa, cheri
Ou pa ta fè m sa, tout la sent jounen map panse, m envi fè lanmou
Ou pa ta fè m sa, ou krezi m konsa, cheri
Ou pa ta fè m sa, tout la sent jounen mwen di

Mwen vle ou, mwen vle ou, mwen vle ou, cheri, mwen vle ou
Mwen vle ou, mwen vle ou, mwen vle ou, cheri, mwen vle ou
Mwen vle ou, mwen vle ou, mwen vle ou, cheri, mwen vle ou

Más canciones de Mizik Mizik