Puuone

de Michel Poroi

Menm si laj mwen janbe kalandriye
Kè mwen, kò mwen pap Janm bliye
Mwen s'on vòlkan k pral reveye
Lò zèl ou rive touché syèl mwen, vini

Ou konnen pran, ou renmen bay
Nou de se byen jwenn, byen kontre
Ou s'on degouden, m s'on senkant kòb
Pèsonn pa gen pou bay monnen
Ouvri pòt bay lanmou antre
Vin n pale m de sa wap reve
Pa bloke sou sak te rive ou
S'on lot chapit nap komansé

Pran men m, mwen prale renmen w
Pran chans ou, parié sou mwen
Ou se proje m, ou se plan m
M pa prese, map pran tan m, hm hm

Pou ou mwen prale dedouble
Yon fanm fatal, yon fanm total
Nan tout klas ou map redouble
Avè w map fe yon pwen final, hm hm

Pran men m mwen prale renmen w
Pran chans ou parié sou mwen
Ou se proje m, ou se plan m
M pa prese, map pran tan m, hm hm

Ou ka lage kò w nan pla men m
Ak tout makout, tout istwa w
Pa kamoufle, pa degize
Ou met vini jan ou ye
S'ou te konnen jan mwen pare
Ak de pou n al eksplore
Tout ti chimen lanmou ofri, i i i

Cheri, pran men m
Mwen prale renmen w
Pran chans ou parié sou mwen
Ou se proje m, ou se plan m
Mwen pa prese, map pran tan m

Cheri, vini, pran men m
Avanse pa kraponnen
Pran yon chans, parié sou mwen
Pa kanpe, ann al pi lwen, hm hm hm
M pa prese (mwen pa prese)
Map pran tan m (mwen pral pran tan m)
Avanse
Avanse pou m ale renmen w
Mwen prale renmen w
Mwen prale renmen w
Ouuuuuuu

Más canciones de Michel Poroi