Danje - Golden Guest Edit

de Lycinaïs Jean

Regrè mwen genyen nan lanmou
San dout, doudou, li se pou ou
Ou mèt fèmen je w koute kè w
Pou tout foli mwen fè pou ou
Mwen konnen ou pa pou mwen
Men baby pou ou m ap goumen
Pou se sèl nan mwen ou wè

Lanmou gen yon sèl chimen
Ou mèt ale w ap tounen
Lago kache rèv mwen
M pral fè w chanje non mwen

Cause I'm in love
I'm in love like a dove, I'm in love
Babe, I'm in love

Ou rele m danje (danje)
Ou te mande m ankò e ankò
Ou te gen dlo nan je w (nan je)
Tèlman ou te pran plezi avè m

Ou pral rele m danje (danje)
Si yon jou ou rankontre m pa chans
Menm si lavi w chanje (chanje)
Ou pral rele m danje
Menm si w fèk marye!

Cheri, m pa ka sispann koutize w (oh-ouh-oh)
Ou wè m pa ka sispann sexting you (oh-ouh-oh)
Se tankou pran souf ou lè w naje (eh)
Oh, baby, se nan memwa nou mwen naje

Lè m damou, mwen posesif pafwa
Men m konnen avè w, bebe, mwen pa gen dwa
Li touye m ke li pa ba ou lavi ou merite a

Ou rele m danje (oh-ouh-oh-ouh)
Ou te mande m ankò e ankò
Ou te gen dlo nan je w (nan je w)
Tèlman ou te pran plezi avè m

Ou pral rele m danje (danje)
Si yon jou ou rankontre m pa chans
Menm si lavi w chanje
Ou pral rele m danje
Menm si w fèk marye!

Oh, wi
Rdydy
Cheri
Alo, alo Jazzy, men Konpa
E mwen pa ka

Ouh-ouh!
Mwen pa ka sispann koutize w
Zobolobo (wo-oh-ouh-oh)
Zobolopo (oh, ye-eh)
Mwen pa ka sispann koutize w
Pozo-n-bololo
Teze-n-lelele (zobolobo, lelele)
Oh-oh-oh

Ou rele m danje (danje)
Ou te mande m ankò e ankò
Ou te gen dlo nan je (nan je)
Tèlman ou te pran plezi avè m

Ou pral rele m danje (danje)
Si yon jou ou rankontre m pa chans
Menm si lavi w chanje (chanje)
Ou pral rele m danje

Ah-ouh-ah-ah

Más canciones de Lycinaïs Jean