M Ap Rape Yo
de Bic Tizon Dife
Ou kenbe men m, mwen kenbe kò m
Jodia m'ka ekri lanmou
Mèsi ti cheri doudou
Depi m kontre w m'pa janm poukò m
Jodia m'son fanm ki damou
Mèsi ti cheri doudou
Paran w dakò, paran m dakò, mariaj mete nou nan lavi
Mèsi ti cheri doudou
Devwa m au propre sa vle di m'ap rete avèk ou pou lavi
Mèsi ti cheri doudou
Pou m pa tonbe ou mete m chita sou kè w an kalifouchon
Mèsi ti cheri doudou
Ou s'on modèl nan yon mond kote lanmou kale pichon
Mèsi ti cheri doudou
Ou tèlman byen pote m sou do w m'paka di m'pile pwason
Mèsi ti cheri doudou
Mwen avè w nou simen lanmou kounya nap tann la moisson
Mèsi ti cheri doudou
Ou ou o o
Ou ou o o
Ou ou o o
Mèsi ti cheri doudou
Ou ou o o
Ou ou o o
Ou ou o o
Mèsi ti cheri
Lè m te piti m'tap chèche lanmou ki nan liv Harlequin
Mèsi ti cheri doudou
M'te panse ke moun New York te konn renmen ke moun Aquin
Mèsi ti cheri doudou
Kounya m vinn konprann ke de mèg pa fri se pawòl mesquin
Gen milyon dola ki gen mwens valè ke yon adoken
Gen lanmou anba tant ki pi wo ke lanmou gratte-ciel
Gen lanmou pwa 50 ki pi lejè ke 50 sak sèl
Gen lanmou ki gen gwo gòj men k'ap mouri mò toufe
Gen vòlkan ki ka glase devan yon senp Tizon Dife
Gen lanmou salon, gen lanmou chanm
Lanmou chanm-chanm
Gen lanmou chik, gen lanmou chòk
Lanmou chik-chòk
Gen lanmou trip, gen lanmou fòk
Gen lanmou solid, gen lanmou pòk
Men lanmou ke ou fè m viv la se lanmou gwo liv la
Ou ou o o
Ou ou o o
Ou ou o o
(Mèsi ti cheri doudou)
Ou ou o o
Ou ou o o
Ou ou o o
(Mèsi ti cheri)
Mèsi pou jadin kè m ou wouze
Mèsi paske m pa gen kè brize
Lamou fè m dekole kou yon fil ze
Mèsi, mèsi, mèsi
Tizon Dife
Mèsi ti cheri doudou
Rutshelle en veux
Mèsi ti cheri doudou
Mèsi ti cheri
Tizon Dife Records
Más canciones de Bic Tizon Dife
-
Nou Vle Viv (feat. Didier Awadi)
Kreyol Chante Kreyol Konprann
-
Papa Bondye
Kreyol Chante Kreyol Konprann
-
Vini Komè
Kreyol Chante Kreyol Konprann
-
Yon Ti Kalkil
Kreyol Chante Kreyol Konprann
-
Devan Li Ye
Bicsyonè
-
Boom !
Vokabi-Lari
-
Deyò A
Vokabi-Lari
-
M Ap Tann Ayiti Pa M Nan
Vokabi-Lari
-
Mèsi Manman (feat. F-Mack)
Vokabi-Lari
-
Yè Ak Jodi
Vokabi-Lari
-
Youn Nan Yo
Vokabi-Lari
-
Vaksinasyon
Recto-Vèso
-
Pote Kòd
Bicsyonè
-
Fasil / Difisil (feat. Eud)
Vokabi-Lari
-
Poz M Ap Tounen
Recto-Vèso
-
Banm Tèt Mwen
Recto-Vèso
-
Introspection (feat. Beverly Bardo)
Recto-Vèso
-
Domino
Recto-Vèso
-
Genyen Wi La a !
Recto-Vèso
-
Envie De...
Recto-Vèso