Lavi Yon Flè
de Beethova Obas
La vi yon flè, s’on’w vi’k frajil
Lanmò pou li pa difisil
Solèy twò cho, yon gwo gout dlo
Epi’l kagou, l’kage sou do
Wo, wo, wo, wo
Yon flè, yon flè konn bouke viv
Lò l’al fleri bò yon gildiv
Si’l bwè kleren, si’l tou grangou
Si’l fè lanmou pandan’l tou sou
Pandan’l tou sou
Wo
Yon flè, yon flè konn pote kwi’l
Jouk sou fontyè anba gwo fil
Li vann tout vi’l, pou’l janbe dlo
Lò pa gen vi nan Sibawo
Wo, wo, wo, lwop, po, lo, po
La vi yon flè konn yon lekzil
Lò li twò sèl, lò’l lwen peyi’l
Lò l’al pouse jouk lòt bò dlo
Nan twou sobwe bò Chicago
Bò Chicago
Wo, wo, wo, wo, wo
La vi yon flè konn yon lekzil
Lò li twò sèl, lò’l lwen peyi’l
Lò l’al pouse jouk lòt bò dlo
Nan twou sobwe bò Chicago
Lò pa gen vi nan Sibawo
Lò l’al pouse jouk lòt bò dlo
Jouk sou fontyè anba gwo fil
L’al pote kwi’l anba lavil
La vi yon flè, s’on’w vi’k frajil
Más canciones de Beethova Obas
-
Rasanble
Kè'm poze (Ayiti)
-
Kè'm poze
Kè'm poze (Ayiti)
-
Kalot
Kè'm poze (Ayiti)
-
Naïke
Kè'm poze (Ayiti)
-
Ret tande (d'après Estate)
Kè'm poze (Ayiti)
-
Kon lanbi
Kè'm poze (Ayiti)
-
Limyè
Kè'm poze (Ayiti)
-
An han! (d'après Cochon St Antoine)
Kè'm poze (Ayiti)
-
Manje bliye
Kè'm poze (Ayiti)
-
Dèy
Kè'm poze (Ayiti)
-
Oh Oh!
Si...
-
Ase Babye
Si...
-
Elayis
Si...
-
Si(Ho Ho!)
Si...
-
Moun Sa Yo
Si...
-
Leve
Si...
-
Nou Pa Moun
Si...
-
Kite'm Ri
Si...
-
Twoubadou
Si...
-
Yon Ti Souri
Si...